Faktè anviwònman yo

Yon moun afekte pa kijan, ki kote, ak sa li fè eksperyans pandan l ap grandi. N ap aprann plis bagay sou enpak alontèm faktè anviwònman yo genyen sou sante manman ak tibebe yo, epi sa nou ka fè pou chanje sitiyasyon an sou enpak devastatè ak inegalite sa yo. Pifò moun panse a pwodui chimik ak materyèl toksik lè nou di "faktè anviwònman", men March of Dimes ap travay tou pou konprann kijan ekspozisyon a son konstan, mank espas vèt, anviwònman matris la, ak medikaman ka gen enpak sou jenerasyon kap vini yo. Nou asosye avèk chèchè nan domèn sa a pou nou elaji konpreyansyon nou epi amelyore enpak nou sou efò defans ak sansibilizasyon.

Envestige faktè anviwònman yo