March of Dimes Innovation Fund

March of Dimes ap mennen batay la pou sante tout manman ak tibebe. Apre nou fin bati yon eritaj enpak ak inovasyon ki gen plis pase 85 ane, nou te etabli March of Dimes Innovation Fund la kòm yon nouvo fason pou fè misyon nou avanse epi bay moun n ap sèvi yo valè.
N ap envesti nan dènye avansman ak solisyon yo

March of Dimes Innovation Fund la se yon inisyativ filantropik antrepriz ki itilize lajan yo te bay pou envesti nan konpayi ki nan premye etap yo pou adrese defi ki pi ijan yo nan sante matènèl ak tibebe pou amelyore rezilta yo.

Antanke òganizasyon dirijan k ap goumen pou amelyore sante manman ak tibebe, nou rete okouran de dènye pwogrè nan rechèch ak solisyon sou mache a ki adrese bezwen swen konplèks manman ak tibebe yo. Avèk Fon Inovasyon nou an, nou sipòte konpayi pwomètè ki gen yon gwo potansyèl pou gen enpak, epi ki pare pou benefisye de envestisman ak sipò March of Dimes yo.

Èske ou ta renmen aprann plis?

Nou ta renmen tande nouvèl ou!

  • APLIKE POU YON ENVESTISMAN—Si w se yon konpayi ki nan premye etap li epi w ap chèche finansman, tanpri soumèt fòm aplikasyon inisyal sa a.
  • OU VLE KONEKTE? Si w enterese pou aprann plis bagay sou fon nou an, pou w eksplore patenarya, oswa pou w mande lòt enfòmasyon, tanpri ranpli fòm sa a.

Si w se yon konpayi ki nan premye etap li epi k ap chèche finansman, tanpri soumèt fòm aplikasyon inisyal sa a isit la

Si w enterese pou aprann plis bagay sou Fon Inovasyon nou an, tanpri kontakte Eric Schaefer nan [email protected].

Si w enterese fè yon kontribisyon filantwopik nan Fon Inovasyon nou an, tanpri kontakte Caroline Bowline nan [email protected] oubyen 972-232-1343.