Travay nou an

Adrese kriz sante manman ak tibebe a pa fasil ak yon sèl solisyon. Li mande yon konbinezon efò estratejik ak kolaborasyon nan diferan domèn pou vrèman gen yon enpak sou chanjman ki ka benefisye plizyè milye manman, tibebe ak fanmi chak jou.

Pwogram yo gen yon enpak dirèk sou kominote nou yo

Avèk sipò ou, March of Dimes abòde tout aspè nan pwosesis gwosès la. Atravè yon varyete pwogram ak inisyativ, nou sèvi bezwen espesifik sante matènèl ak tibebe toupatou nan peyi Etazini.

Jenetik, epigenetik, ak transkriptomik nan akouchman prematire

Jwenn nouvo solisyon pou sante matènèl ak tibebe atravè rechèch

Bezwen pou sèvis swen sante pou manman ak tibebe yo se yon bagay ki vaste epi ki enpòtan anpil. Gen plizyè milyon tibebe ki fèt chak ane Ozetazini. Men, lè 1 sou 10 tibebe fèt twò bonè, li klè ke bezwen an egziste. Rechèch pèmèt nou jwenn solisyon reyèl pou defi swen sante ki afekte fanmi yo.

Règleman ak Defans

Politik ak defans enterè yo ap mennen chanjman ki nesesè nan swen sante a.

N ap travay pou yon mond kote chak fanmi, chak manman ak chak tibebe an sante epi fò, kèlkeswa richès yo, ras yo, sèks yo oswa jewografi yo. Aprann kijan, ansanm ak patnè nou yo, nou transfòme bezwen an aksyon, ak aksyon an rezilta.

Sibvansyon ak Prim

Pwofesyonèl swen sante yo esansyèl pou siksè nou

Nou konnen pwofesyonèl swen sante yo pote rechèch, teknoloji ak ekspètiz medikal nan batay pou manman ak tibebe ki an sante, epi asire ke sèvis vital sa yo mete an pratik. Si ou se yon pwofesyonèl nan swen sante, aprann plis sou resous nou yo, tankou kou fòmasyon kontinyèl, bous detid ak prim ansanm ak lòt pwogram.

Evalyasyon Sipò Fanmi NICU

Itilizasyon done ak evalyasyon pou gide travay nou an

Sensibilize moun sou kriz sante matènèl ak tibebe n ap fè fas jodi a epi pataje l piblikman se pi gwo fòs nou. Nou pibliye rapò done syantifik, tankou Nowhere to Go: Maternity Care Deserts Across the US ak March of Dimes Report Card pou mete aksan sou pwoblèm nan. Anfèt, se done ak evalyasyon sa yo ki gide tout travay n ap fè a.

Fanmi ki kontan

Kanpay ak inisyativ yo fè tout bagay sa yo posib avèk finansman.

Anpil fanmi afekte pa mank swen disponib, yon diferans nan ekite nan sante ak konplikasyon gwosès. Pou fè yon diferans, sa mande finansman. Evènman ak kanpay yo pèmèt nou la pou fanmi yo lè yo pi bezwen nou.

March for Babies

Vin jwenn mouvman an pou ede chak manman, tibebe ak fanmi jwenn yon kòmansman egal, an sante e an sekirite. Kit ou patisipe an pèsòn, vityèlman oubyen toulede, chak pa ou fè ak chak dola ou ranmase fè yon gwo diferans.

Vizite March for Babies

Ki kote ou anfòm nan?

Kounye a ke ou fin wè sa nou fè, ou ka gade ki kote ou ka jwe yon wòl pou ede nou fè yon diferans. Malgre ke ansanm nou akonpli gwo bagay chak jou, nesesite pou ede manman ak tibebe yo kontinye. Men kèk fason ou ka patisipe nan travay nou pou sipòte fanmi yo.

Fè yon don finansye pou ede fanmi yo.
Pran aksyon pou manman ak tibebe toupatou.
Fè yon enpak nan kominote w la.