Opòtinite pou volontarya

Volontè yo dirije travay nou pou bay fanmi yo pouvwa.

Avèk èd moun tankou ou, n ap gen yon enpak atravè edikasyon, rechèch, ak defans dwa moun, men gen travay ki rete pou fèt toujou. Vin jwenn nou pou mobilize rezo ou a epi ogmante konsyantizasyon ak lajan enpòtan pou amelyore sante moun ak fanmi yo.

Èske w ap pran devan?

Opòtinite pou fè volontarya vityèl ak lakay ou

Kenbe timoun yo amize

Twous pou frè ak sè

Prepare twous aktivite pou frè ak sè yo pou yo gen yon bagay amizan pou yo fè pandan fanmi an ap konsantre sou kreye yon lyen ak nouvo tibebe a nan Inite Swen Entansif pou Tibebe ki Fenk Fèt (NICU), lakay yo, oswa nan lopital la. Enskri pou jwenn gid kijan pou fè sa!
Voye ankourajman

Voye kat postal bay moun ki responsab politik yo

Rasanble zanmi ak fanmi vityèlman pou patisipe nan yon fèt kat postal. Voye kat postal bay fonksyonè eli yo ak vwazen ou yo pou ankouraje yo pou yo okouran de kriz sante matènèl ak tibebe nan Amerik la. Telechaje gid ak modèl la jodi a!
Ekri yon mesaj ki soti nan fon kè w

Voye yon nòt espwa

Chak ane, 4 milyon tibebe fèt. Sa a se yon moman enteresan e difisil, men li kapab tou fè pè lè tout bagay pa ale jan yo te planifye, e plis toujou pandan peryòd ensèten sa a nan peyi nou an. Tanpri montre sipò ou a lè w voye yon nòt espwa.
Bay konsèy, resevwa gidans

Vin yon mantò/mantè

Antre nan gwoup Facebook kominote March of Dimes la epi vin yon mantò oubyen yon moun k ap resevwa fòmasyon. Mantò yo ak moun k ap resevwa mantora yo ap kapab pataje sipò, ofri konsèy, konekte ak fanmi ki te fè eksperyans sanblab.
Kòmanse patisipasyon kominote a

Kreye pwòp evènman ou

Rasanble zanmi ak fanmi pou patisipe nan yon aktivite pou ranmase lajan oswa yon defi ou chwazi. Transfòme pasyon ou yo an lajan pou ranmase pou manman ak tibebe. Lis ide nou yo ka enspire w pou w kreye pwòp aktivite pou ranmase lajan w jodi a!

Lòt fason pou fè volontarya

March for Babies, mache ak selebrasyon

Mache nan chemen ou

Evènman ekstraòdinè sa a, dirije pa volontè, pèmèt ou reyini fanmi w, zanmi w, vwazen w, biznis lokal yo, lekòl yo, kote adorasyon yo, eksetera, ki pataje angajman w pou ede chak manman ak chak tibebe.
Pran devan

Lidè volontè yo

Sèvi ak lidèchip ou, eksperyans ou, ak rezo ou pou sipòte sante tout fanmi yo lè w angaje w nan yon wòl volontè alontèm.