Misyon nou
March of Dimes ap mennen batay la pou sante tout manman ak tibebe. Jodi a, n ap fè efò pou mete fen nan risk pou sante matènèl ak lanmò, pou mete fen nan akouchman prematire ak lanmò tibebe ki ka evite, epi pou diminye diferans ki genyen nan ekite nan sante. Kriz sante matènèl ak tibebe a reyèl—men enpak nou an reyèl tou. Soti nan bay aksè a swen sante kalite siperyè rive nan mobilize kominote nou an pou kreye chanjman dirab pou manman ak tibebe, n ap asire fanmi yo ka jwenn pi bon kòmansman posib la.
Estatistik Eta a
Defans
Moun k ap defann March of Dimes yo kontribye pou amelyore ekite, aksè ak prevansyon nan sante lokalman ak nasyonalman. Mete vwa w ansanm ak plizyè milye moun k ap defann March of Dimes yo k ap mande pou règleman ki ankouraje sante tout manman ak tibebe. Vin jwenn nou nan batay la pou manman ki an sante ak tibebe ki solid lè w enskri nan rezo defans dwa nou an epi pran aksyon.
Volontè
Volontè March of Dimes fè kèk bagay vrèman etonan pou ede nou amelyore sante manman ak tibebe atravè peyi a. Vin jwenn kominote nou an jodi a!
Enpak nou an
Defans
Defann ekite nan sante pou manman ak tibebe
Rechèch
Avansman nan pwogrè pou yon avni ki pi an sante
NICU Family Support® (Sipò pou Fanmi ki nan NICU)
Bay fanmi NICU yo fòs ak konfò
Sipò ou fè sa n ap fè a posib
Kit ou se yon paran, yon elèv, yon biznis, oswa yon òganizasyon sèvis, sipò ou enpòtan pou nou ak pou fanmi nou ede atravè pwogram ak resous nan zòn ou an.
Gras a sipò jenere tout patnè nou yo, nou fè gwo pwogrè nan avansman rechèch, viktwa nan defans dwa moun, elajisman pwogram inovatè, ak aksè a swen pou fanm yo. Men, gen anpil bagay pou fè toujou—vin jwenn nou!