Planifikasyon pou yon tibebe

Si w ap panse pou w vin ansent, pi bon bagay ou menm ak patnè w la ka fè se planifye davans.

Sijè enpòtan pou paran ki pral genyen yo

Gen yon tibebe ki an sante kòmanse byen lontan anvan gwosès la. Kòmanse fè chwa ki bon pou sante kounye a lè w byen manje, rive nan yon pwa ki an sante, pran asid folik pou ede anpeche anomali konjenital, epi pwograme yon tchèkòp prekonsepsyon ak founisè swen sante w la pou asire w ke w an sante otank posib.

Lè ou an sante anvan gwosès la, sa ka ede ou amelyore chans ou pou ou vin ansent epi ede ou anpeche konplikasyon pandan gwosès la.
Yon egzamen prekonsepsyon se yon egzamen medikal ou fè pou asire w ke ou an sante pou w gen yon gwosès ki an sante.
Li pi bon pou tann omwen 18 mwa apre akouchman anvan ou vin ansent ankò pou ou refè nèt apre dènye gwosès ou a. Gade poukisa li enpòtan.
Asid folik se vitamin B9, ki ka ede anpeche domaj tib nè lakay tibebe w la. Aprann ki sipleman ak manje ki bon sous asid folik.