Fos kouch, pèt, ak dèy

Fè eksperyans yon foskouch oswa yon pèt kapab yon vwayaj ki fè ou trè izolan, men ou pa oblije fè fas ak li poukont ou. March of Dimes onore moun ki te fè eksperyans pèt, epi li bay resous pou fanmi k ap fè fas ak defi inimajinab ak k ap lite ak pèt inimajinab pou yo jwenn espwa, repons, ak yon sans kominote.

Gwoup Facebook

Fanmi toupatou rantre nan gwoup kominotè March of Dimes sou Facebook kòm yon espas an sekirite pou jwenn sipò, rekonfò ak amitye. Kèlkeswa sa ki te mennen ou nan gwoup sa a—kit se akouchman prematire, yon sejou nan NICU, pèt yon tibebe, oswa esterilite—nou la pou ou.

Aprann plis

Istwa ki pa pale

Ou ka santi w poukont ou nan sa w ap viv la, men se pa sa. Vizite sit sa a pou jwenn istwa ki ka fè ou panse ak pa ou. Ou kapab ekri nou tou epi pataje istwa ou.

Aprann plis

Miray Souvni an

Yo kite nou twò bonè men nou p'ap janm bliye yo. Si ou te fè eksperyans pèt yon tibebe oswa yon manman ansent oswa yon nouvo manman, kite yon mesaj kòm yon omaj pou yo. Yo ap toujou gen yon plas espesyal nan kè nou.

Poste yon omaj

Dènye resous yo

Gade atik ki gen enfòmasyon sou kondisyon espesifik ak resous pou ede w navige nan pèt ak dèy.

Fè fas ak lapenn apre pèt yon tibebe se yon efò ki tris anpil. Aprann kijan pou jere lapenn oubyen sipòte yon moun ki nan lapenn.
Fos kouch se lè yon tibebe mouri nan vant anvan 20 semèn gwosès la. Konnen siy ak sentòm foskouch la, faktè risk pou li ak kijan pou fè fas ak pèt la.
Fèt tou mouri se lè yon tibebe mouri nan vant apre 20 semèn gwosès la. Aprann sou faktè risk yo ak resous ki ka ede w fè fas ak pèt tibebe w la.
Lanmò neyonatal se lè tibebe w la mouri nan premye 28 jou li yo. Aprann plis sou li epi eksplore diferan fason pou jere lapenn.
Gwosès andeyò matris la se lè yon anbriyon devlope deyò matris la epi toujou fini ak pèt gwosès. Aprann plis sou sentòm yo, dyagnostik la ak tretman an.
Aprann kijan ou ka ede paran yo apre lanmò tibebe yo epi eksplore resous nou yo pou fè fas ak dèy.
Gowosès molè se lè yon timè devlope nan matris la nan kòmansman yon gwosès. Konnen sentòm yo, kòz yo, ak tretman gwosès molè.
Lanmò neyonatal se lè tibebe w la mouri nan premye 28 jou li yo. Aprann plis sou li epi eksplore diferan fason pou jere lapenn.
Lè tibebe w la mouri, ou ka gen santiman melanje sou si w vle vin ansent ankò. Jwenn repons pou kesyon ou yo sou gwosès apre yon pèt.

Soti nan doulè rive nan gerizon

Yon ti liv ki ofri sipò ak konsèy pou moun k ap fè fas ak gwosès oswa pèt tibebe.

Mande yon kopi liv Soti nan doulè rive nan gerizon an

Kreye yon kominote otou eksperyans pataje

Pi lwen pase silans pèt la: Istwa yon fanmi sou gerizon, espwa, ak nesans yon tibebe lakansyèl.
Apre de defèt anvan yo, Elizabeth Caulder te dekouvri li te ansent ak triplet. Lè dlo li te kase nan 20yèm semèn, gwosès li te vin an danje. Pandan Victoria ak Ronald Jr. te mouri trajikman, David te goumen pou lavi li nan inite swen entansif pou tibebe a.
Erika ak Kris Young te soufri yon pèt terib lè pitit fi yo, Sommer, te mouri sèlman de zèdtan apre li te fèt. Antanke donatè pou March of Dimes Innovation Fund la, fanmi Youngs yo ap fè tout sa yo kapab pou jwenn repons.

Eksplore pwogram yo nan March of Dimes