Sipò nan zòn ou an

Jwenn resous, pwogram, evènman, ak inisyativ pou ede w nan chak etap gwosès la.
Sipò nan zòn ou an
NICU Family Support® (Sipò pou Fanmi ki nan NICU)

NICU Family Support® (Sipò pou Fanmi ki nan NICU)

Lè yon tibebe fèt twò bonè oswa li malad anpil epi li kòmanse lavi li nan inite swen entansif neonatal (NICU), nou la pou sipòte fanmi an. Sipò Fanmi NICU a bay edikasyon ak enfòmasyon enpòtan pou fanmi NICU yo, fòmasyon sou swen santre sou fanmi pou anplwaye lopital la, ak resous pou amelyore eksperyans pasyan an ak fanmi an.

Supportive Pregnancy Care® (Swen pou sipò pandan gwosès la)

Supportive Pregnancy Care® (Swen pou sipò pandan gwosès la)

Pwogram swen prenatal an gwoup nou an pote swen prenatal kalite siperyè bay fanm yo ansanm ak edikasyon ak sipò sosyal kote li pi nesesè. 

March for Babies

March for Babies

Konekte ou avèk zanmi, fanmi, ak kòlèg travay pou amelyore sante manman ak tibebe nan kominote w la ak atravè peyi a. Paske ansanm ak March of Dimes, chak pa pi devan mennen nan yon avni ki an sante pou nou tout.

Manman ak tibebe

Enpak sou kominote a

N ap mobilize nan nivo nasyonal la ak nan nivo kominotè a pou amelyore sante tout fanmi yo lè nou diminye to akouchman prematire ak to lanmò matènèl epi elimine diferans ki genyen nan ekite nan sante. Aprann plis bagay sou kowalisyon Rezo Aksyon Manman ak Tibebe a ak inisyativ Enpak Kolektif Lokal yo.

Pwogram Sante Mobil

March of Dimes Mom and Baby Mobile Health Centers® (Sant Sante mobil March of Dimes pou manman ak tibebe)

Gen plizyè milyon fanm Ozetazini k ap viv nan konte ki gen aksè limite oswa ki pa gen aksè ditou a swen matènite. Sant sante mobil nou yo ofri pwogram sante matènèl sou teren an ak sèvis ki vize pote sipò, edikasyon ak swen bay manman ak manman ki pral fè pitit, kèlkeswa kote yo rete.